Accessibility links

Breaking News

3 Sòlda Ameriken Mouri nan Jordanie, Biden Lonje Dwèt sou Gwoup ki Anfavè Iran, e li Sèmante pou li Vanje


U.S. and South Korea soldiers train Dec. 22, 2023, at the Republic of Korea Special Warfare School training range near Icheon, South Korea.
U.S. and South Korea soldiers train Dec. 22, 2023, at the Republic of Korea Special Warfare School training range near Icheon, South Korea.

3 sòlda Ameriken pèdi lavi yo, e 25 lòt blese nan yon atak dronn nan peyi Jòdani, dapre sa Washington anonse dimanch, kote Prezidan Joe Biden menase pou li vanje, e li akize kèk gwoup ki anfavè Iran pou atak la.

Se premye fwa ke sòlda Ameriken pèdi lavi yo nan Mwayen Oryan an depi kòmansman lagè ant Izrayèl ak Hamas la nan Gaza, sa ki ogmante laperèz pou tansyon yo pa ogmante plis toujou nan rejyon an.

Prezidan Ameriken an di nan yon rankont ak laprès, "Jodi a, Amerik gen yon kè lou. Yè swa, nou gen 3 solda Ameriken ki mouri ak plizyè lòt ki blese nan yon atak dronn sou fòs nou ki baze nan nòdès Jòdani."

"Pa gen okenn dout: nou pral fè tout responsab atak sila peye pou li. »

Kòmandman Ameriken nan Mwayen Oryan (Centcom) di 25 sòlda blese sou baz la ki toupre fwontyè ak Siri.

XS
SM
MD
LG