Militan ke Iran Apiye Lanse 2 Misil Balistik sou yon Bato Ameriken

  • Serge Michel

လေကြောင်းရန်ကာကွယ်ရေး စစ်ရေးလေ့ကျင့်မှု ပြုလုပ်သည့်ဓာတ်ပုံများ အီရန်စစ်တပ် ထုတ်ပြန် (ဇန်နဝါရီ ၁၉၊ ၂၀၂၄)

Militan ke Iran apiye lanse 2 misil balistik sou yon bato ameriken nan Golf Aden nan, dapre sa Kòmandman Santral Etazini an di nan yon deklarasyon yè jedi swa. Deklarasyon an di ekipaj la te wè lè misil-yo ateri nan dlo toupre bato a, ki se M/V Chem Ranger, yon bato tankè ameriken ki gen drapo zile Marshall yo, e ke Grèk ap opere. Pa gen nouvèl sou moun ki ta blese, dapre kòmandman ameriken an.

Rebèl Houthi yo nan Yemen di se yo ki te lanse atak la, sa yo rele frap dirèk, dapre yon deklarasyon gwoup la sou medya sosyal.

Ayè jedi a, fòs ameriken yo lanse lòt atak sou pozisyon andan teritwa ki anba kontwol Houthi yo ke Iran apiye nan Yemen, pandan gen plis enkyetid kòmkwa konfli Israel-Hamas la ka tounen yon lagè total nan tout Mwayenn Oryan an.

“Nou p ap chache lagè. Nou pa panse nou nan lagè. Nou pa vle wè yon lagè nan tout rejyon an,” se sa Asistan

Sekretè laprès Pentagòn, Sabrina Singh, di jounalis ayè jedi a.