Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Lanse Atak nan Nò Gaza


Israel Palestinians
Israel Palestinians

Izrayèl di jodi jedi a li lanse atak ki te vize militan nan nò ak sid Gaza, pandan ministè sante nan Gaza ke Hamas ap dirije di yon frap aeryen nan Rafah touye 16 moun.

Frap nan Rafah, ki nan Gaza sou fwontyè ak Ejip la, touche yon kay, dapre ministè sante Gaza. Pèsonèl medikal nan Rafah di mwatye nan 16 moun ki tonbe yo se timoun.

Lame Izrael la di fòs li yo touye apeprè 40 militan nan zonn Khan Younis, nan sid Gaza, ak plizyè lòt militan nan operasyon atè ak nan lè nan nò Gaza. Israel fè konnen tou li lanse dènye frap aeryen li yo nan sid Liban kote li te vize gwoup militan Hezbollah, yon alye Hamas. Atak ap fèt tanzantan sou fwontyè ant Izrael ak Liban an depi lagè Gaza a te tanmen.

Katar fè konnen ayè mèkredi swa ke medikaman pou otaj ki anba men Hamas yo te antre nan Gaza, men li pa te klè si otorite yo distribye materyèl yo deja.

XS
SM
MD
LG