Pòtoprens Pare pou 17e Edisyon Festival PapJazz la

Komite oganizate festival mizik PapJazz 2024 la.

Vil Pòtoprens ap akeyi 17e edisyon festival PapJazz ki ap fèt soti 25 pou rive 28 janvye 2024. Se sa òganizatè yo anonse, jedi, nan yon konferans pou laprès nan otèl Karibe.

Apre 16e edisyon an ki te fèt nan vil Okap, festival la retounen nan kapital la pou yon edisyon ki pi « rich e elekrik ».

« Pòtpoprens se rezon dèt festival PAPJAZZ » deklare Milena Sandler ki se Direktris fondasyon Haiti Jazz.

Pou madame Sandler, PAPJAZZ ankre nan Pòtoprens. Non festival la gen non kapital peyi ladan l. Kidonk edisyon 2023 ki te fèt nan 2e vil peyi a se te yon eksepsyon.

Komite oganizate festival mizik PapJazz 2024 la.

Bò kote pa l, Joel Widmaer ki se direktè atistik festival la pwomèt yon pwogramasyon rich ap tann patisipan yo ki ap gen privilèj pou yo tande epi enjoy plizyè atis k ap soti nan 7 peyi nan mond lan, tankou Kiba, Meksik, Kameroun, Matinik, Lafrans, Espay ak Ayiti

Yon pwogramsyon ki gen ladan l plizyè gwo atis Ayiti, pou byen reprezante peyi a nan festival sa, ki ap dewoule plizyè kote nan kapital la. Otel Karibe ap akeyi pi fò aktivite yo.

Dayè se la menm chantè Beethova Obas ak gitaris Gerald Kébreau pra l lanse 17e edisyon festival ak bèl mizik pou chofe beton an. Yon beton ki ap akeyi pou premye fwa yon atis fanm k ap evolye nan Hip-hop.

Wi, 17e edisyon festival PAPJAZZ la ap gen Rap! Se youn nan nouvote ki genyen ane sa. E se rapez Kanis, ki pral fè moun yo danse ak Hip-hop samdi k ap 27 janvye 2024 la.

Yon lòt bò, Richard Cave ansnam ak KAI kase randevou ak tout fanatik Konpa yo dimach 28 janvye pou klotire evenman kiltirèl sa, ki ap gen ladan l tou yon latriye lòt atis ayisyen, tankou Fabrice Rouzier, Erol Joseul, Manito ak gwoup li Gwolobo, pou n site sa yo sèlman.

Festival la se pra l okazyon pou moun ki renmen sinema yo dekouvri fim sou mizik. Pwojeksyon yo (6) gen pou fèt nan lakou Institut Français D’Haiti (25 ak 26 janvye).

Men yon ide sou pwogramasyon an:

25 janvye : Abe Rabade (Espagne) ; Beethova Obas (Haiti) ; Richard Bona (Cameroun)

26 janvye : Jeronimo Gonzalez (Mexique) ; Gwolobo (Haiti); Cyrille Aimée (France)

27 janvye : Ludovic Louis (Martibique) ; Erol Josué (Haiti) ; Kanis (Haiti)

28 janvye : Jazz lakay project (Haiti); Ruy Lopez Nussa (Cuba); KAI (Haiti)