Iowa: Repibliken Yo Fè Konnen Yo Santi Trump Pare Pou Fòtèy Boure Mezon Blanch la

  • Serge Michel

Republican presidential candidate and former President Donald Trump takes the stage at a caucus night party in Des Moines, Iowa, Jan. 15, 2024.

Donald Trump ranpòte yon viktwa rapid lendi swa nan kokis prezidansyèl Iowa yo pou Pati Repibliken an.

Pifò Repibliken nan kokis Iowa a fè konnen yo santi ke Donald Trump ap kadre pou fòtèy boure Mezon Blanch la menm si li ta jwenn kondanasyon pou yon krim, se sa ki parèt nan yon sondaj sou elektè ki t ap antre nan biwo vòt lendi a, e sa moutre kontwol ke ansyen prezidan an gen sou Pati Repibliken an.

Se mil-628 Repibliken ki te reponn kesyon nan sondaj la ke Edison Research reyalize.

Apeprè 2 tyè nan moun ki t al nan kokis yo, 66 pousan, di yo pa kwè ke viktwa Joe Biden an 2020 an te lejitim.

65 pousan di Trump ta kadre pou prezidan si li ta jwenn kondanasyon pou yon krim.

53 pousan Blan ki te nan kokis la ki konsidere tèt yo kòm kretyen te sipòte Trump, pandan se 27 pousan ki te vote pou DeSantis.

61 pousan di yo anfavè yon lwa ki ta entèdi dilatasyon nan tout peyi a.