Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Prezidansyèl Repliken nan Iowa


FILE - A man stands next to a flag that reading "Iowa for Trump" in Urbandale, Iowa, Jan. 11, 2024. Voters in the state are participating in caucuses on Jan. 15, 2024, that launch the Republican presidential nomination process.
FILE - A man stands next to a flag that reading "Iowa for Trump" in Urbandale, Iowa, Jan. 11, 2024. Voters in the state are participating in caucuses on Jan. 15, 2024, that launch the Republican presidential nomination process.

Pandan gwo fredi malouk ap frape Sant-wès Etazini, Repibliken yo nan eta Iowa ki ap chwazi kandida pa yo pou eleksyon prezidansyèl la ap fè jodi lendi a kokis Iowa a.

Konpetisyon sa a ki fèt chak 4 lane ap dewoule san bri ane sa a, bagay ki pa konn fèt, make gwo avans ansyen Prezidan Donald Trump nan kous la.

Yon kouran fredi ki soti nan rejyon Arktik la desann tanperati eta a nan 20 degre Fareinheit anba zewo, e lage nèj nan dènye jou yo anvan kokis la, e tou sa kreye pwoblèm pou aktivite sa a.

Iowa sanble se yon batay pou 2èm plas, pwiske se Trump ki domine. Vrè kesyon an se èske youn nan Repibliken yo ki vini byen lwen apre a ka fè tout jwèt la tounen yon kous ant 2 kandida.

Gouvènè Florid Ron DeSantis ki te konn di li ap genyen kous-la, kounyea li ap kontante l pou sèlman fè bèl figi nan

yon eta kote vrè piblik li a se konsèvatè yo, pandan kanpay li a nan pwoblèm, epi ap pran pàn lajan.

Ansyen Gouvènè Kawolin di Sid Nikki Haley ki ap chache antant, pa jwenn pawol ki atire moun Iowa. Eta ki ka pi bon pou li, se New Hampshire kote pwal gen 2èm eleksyon primè a.

XS
SM
MD
LG