Trafikan Migran yo Chanje Taktik, Kounyea Yap Pimpe Moun nan Twou Koukou Arizona

Your browser doesn’t support HTML5

Trafikan Migran Meksiken yo ap Pimpe Moun Arizona Kounyea

Yon chanjman nan wout kontrebandye migran yo ap pran lakoz yon pakèt moun ap rive sou fwontyè sid eta Arizona pataje ak Meksik la.

Dapre nouvèl yo migran sa yo soti Senegal, Bangladèsh ak Lachin - e sa lakoz Gad Fwontyè a oblije mande asistans ajans federal yo pou ede yo jere moun sa yo.

Plizyè santèn migran travèse antre Etazini chak jou, sa ki lakoz gouvènman Ameriken an fèmen jiska nouvèl od Lendi, pos fwontyè entènasyonal ki nan Lukevilla, Arizona ak Sonoyta, Meksik. Yo di sa pral pèmèt ajan La Dwann ak Pwoteksyon Fwontyè a ede ak transpo ak lot sèvis sipo.

Maten apre fèmti pos fwontyè a, apepre yon douzèn gad fwontyè ki te gen inifom vè oliv sou yo te veye plis pase 400 migran ki te pase nuit la bo kote yon miray asye. Yo te vlope ko yo ak lèn mylar ke yo te jete atè a nan dezè a apre sa.

David Pernales se youn pami plizyè milye migran ki rive nan zon elwaye sa a sou fwontyè eta Arizona.

"Map tann pou wè si yo pral banm azil pou m ka travay paske sityasyon an nan Ekwatè difisil anpil akoz pakèt krim ak eskwokri kap fèt. Yo pa kite nou travan ay pè. Mwen kite fanmi mwen paske pa genmwayen pou travay nan restoran ke m te oblije abandone pou 6 mwa. Mwen oblije migre pou chache yon mwayen pou apiye fanmi mwen."

Pernales gen 6 pitit fi e li te blije fèmen restoran li akoz kriminèl tap fè l chantaj.

Zon Lukeville la vinn popilè pami migran kap chache travèse antre Ozetazini depi Meksik.

Li sèvi kom bon jan egzanp ki montre kijan migran ap rive nouvo kote epi poze defi pou Gad Fwontyè yo.

Akoz li sitye nan yon zon elwaye, pa gen anpil gad fwontyè kap fè patwouy la, kidonk kontrebandye kap fè trafik migran nan zon katèl Sinaloa Meksiken an jere konn mennen moun yo la.

Dan Abbott se yon travayè imanitè.

"Pou yon rezon katèl yo deside se la a ki bon pou migran yo travèse. Mwen pa finn su nou kontan ak deziyasyon sa a men se la yap fèl.Nou konstate plis moun isit ke okenn lot kote sou fwontyè sid la.

Nan moman Etazini ap pare pou eleksyon prezidansyèl an 2024, kestyon fwontyè sa se youn nan kestyon ki pi enterese elektè yo, sitou Repibliken yo. Kestyon migrasyon an takab bay pwoblèm pou Prezidan Joe Biden ki se yon Demokrat, nan moman lap postile pou yon lot manda.

Lajan siplemantè pou sekirize fwontyè a bloke nan Kongrè a akoz li gen kole avè l asistans finansye siplemantè pou Izrayèl ak Ikrèn.

ONG tankou Human Borders gen kè sote pou byenèt migran yo.

"Yè gen ant 800 ak mil moun ki te rive isit la. Jodia gen bokou mwens. Gad Fwontyè a ap fè yon bon travay pou mete yo nan kamyonèt epi transpote yo soti nan zon nan. Men pi gwo swè mwen se pwoteje vi moun sa yo."


Pi gwo kè sote otorite kap travay sou fwontyè a se maladi ki gen pou wè ak gwo chalè paske tanperati a konn depase 100 degre Farènheit.

Kounyela a fè frèt nan nuit sa ki poze yon lot pwoblèm paske pou rive nan lopital ak san migran ki pi pre a fok ou kondui owmens 2 zèd tan.