"Donk pou nou, le yo rale zorèy nou nap raple tout moun ke se travay nou n ap fè. Se konsa li dwe ye."
Dirije yon gwo rezo nouvèl dyaspora a nan yon moman kritik pa fasil. Men redaktris jounal Haitian Times la, Ayisyèn Amerikèn Vania Andre gen detèminasyon ak yon objektif presi.
"Travay nou se rapote sak la ak sa nou dwe dekouvri."
Misyon sa a vinn pi enpotan nan moman Ayiti ap fè fas ak yon kriz sosyo-politik ki vinn pi grav akoz zakvyolans gang yo epi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021.
Nan mitan kawo a, jounalis ap fè fas ak menas, atak ak kidnapping. Genyen ki chwazi kouri.
Men ekip Andre a asire yo kontinye rakonte istwa sou sakap pase an Ayiti ak Ozetazini.
Menm anvan li te pran jounal la an chaj, Andre te familye ak travay li.
"Mwen sonje lèm tap grandi nan sidès Queens, Cambria Heights, papa m te konn li jounal la e kounyea 15 ou 20 an pi ta se mwenmenm kap ede foje chimen nou pou lavni. Se yon bagay mwen pat janm ka imajine."
Patisipasyon li te vini za gen 10 zan desa, lè fondatè jounal la, Gary Pierre-Pierre tap re-imajine avni rezo a.
" Tout bagay te vinn dijital e nou tap enprime sou papye. Nou te fè fas ak yon menas egzistansyèl nan moman sa a paske mwen te konprann entelektyèlman medya nimerik men pa rapo ak dirije yon piblikasyon nimerik, konesans mwen te limite."
Sete yon ka bon moman, nan bon lè a - ni Andre, ni Pierre-Pierre te pran angajman pou kouvri kestyon ki gen enpotans pou kominote yo a. Menm si "li pat bèl" dapre Andre.
Men sa te pran piblik la tan pou l ajiste.
"Moun te di tout sa ki pa bon nan kominote a se fot Haitian Times paske nou klere limyè sou li."
Men pou ekip jounal la, entegrite jounalistik vle di yo kouvri bon nouvèl ak move nouvèl.
"Rasure ke nou egzije responsab yo pran responsabilite, moun ki sipoze reprezante nou epi asire yo pral soulve kè sote nou yo nan pi wo nivo posib pou asire yo rezoud yo."
Pou Andre, asire yo fè fas ak bezwen kominote a vle di yon pakèt reyunyon, sesyon estratejik epi angaje ak kominote a.
Angajman an kore konfyans.
Joseph Lorian Prospeaut rete Ti Ayiti.
" Se konsa nou ka pataje moman enpotan ke jounal la pibliye. Sa ankouraje nou rete enfome, aprann, konprann epitou sa mete nou an valè."
Pandan lontan, 70,000 moun ki rete Ti Ayiti yo - yon katye nan Brooklyn -te defavorize pèsonn pat defann enterè yo.
Biznisman Jensen Desrosier di Haitian Times te parèt nan bon moman an.
" Nou te bezwen yon vwa ki ka reprezante nou ak moun ki pale angle yo, epi Haitian Times te paret e mwen kwè nan epok la vwa Haitian Times la se sa nou tap chache."
Jounal la prete anpil atansyon ak defi dyaspora a.
" Se yon chok kiltirèl. Donk yap vinn viv nan yon nouvo peyi. Mwen ka wè nou gen yon vwa pou yo. Gen entèkoneksyon Ti Ayiti a. Haitian Times ak moun katye a nesesè pou anplifye bezwen migran kap rive yo."
Pandan ke plis migran ap debake Nouyok, youn nan objektif Haitian Times ak Vania Andre ap pousuiv se rive sou plis moun. Se poutèt sa yap kreye yon bilten imigrasyon - pou bay bon jan enfomasyon pou kenbe kominote Ayisyèn nan enfome.
Bilten an vize korije dezenfomasyon epi reponn kestyon sou politik imigrasyon. Ladann gen pwogram Lamezonblanch ki akode kek Ayisyen pemisyon pwovizwa pou yo vin viv Ozetazini nan kad yon pwogram pawol.
Donk vreman vre nou te vle jwenn mwayen pou konsolide tout enfomasyon sa a yon sel kote ke nempot ki moun te ka gen akse ak li, kitse nan klinik dokte oubyen nan sant kominotè.
Jefo a fe pati yon plan pi laj pou rive sou otan dyaspora posib. Men pou Andre, dirije jounal la trè pèsonèl nan moman sa a.
"Lèm gade sak ap pase nan nivo nasyonal, mwen wè istwa pa m ak istwa paran mwen. Epi mwen ka jere kalite repotaj nap fè yo pou deseni kap vini yo."
Atenn yon odyans global, epi ede nouvo migran yo se yon fason Andre ak Haitian Times - kapab dispoze yon espas kote moun ka tande vwa Ayisyen yo.
*Repotaj Cristina Caicedo Smit nan Nouyok - traduksyon Sandra Lemaire