Atis fanm HMI la te prezante spektak nan Miami pou make Jounen Entenasyonal Medam yo. Mellysings di VOA li gen yon nouvo albom ki pare pou lage.
Dekrè imigrasyon Prezidan Donald Trump yo simen lapèrèz nan mitan kominote Ayisyen Nouyok la. Korespondan nou, Valerio Saint Louis pale ak moun nan sekrè HMI ak ti komès la ki di yo sibi gwo enpak.
Nan eta Kawolin di No, Akademi Durham Mwen ap travay ak imigran kap viv nan konte Durham pou ranseye sou dwa yo antanke moun k ap viv Etazini.
VOA Kreyol te sou plas pou gran premye nouvo film sineyas Ayisyen Robenson Lauvince la nan Miami. "July 7" soulve kestyon sou asasina Prezidan Jovenel Moise, ki mouri 7 Jiye, 2021.
Desizyon administration prezidan trump lan pou kanpe tps ayisyen yon nan mwa out 2025 lage anpil kè sote nan mitan kominote ayisyen an, ki menm si yo te konnen kesyon imigrasyon te ka vin pi konplike pat atann yo ak yon nouvèl konsa.
Migran Ayisyen ki ap viv nan Chicago gen kè sote sou avni yo apre administrasyon Trump lan deside mete fen nan pwolonjman TPS pou ayisyen. Obed Lamy
Diva Ayisyèn Emmeline Michel prezante spektak pou fanatik li yo nan Montreal.
Gwoup Konpa Ayisyen Zenglen anonse gwo chanjman nan mitan djaz la pandan yon pèfomans nan Miami.
Desizyon administrasyon Trump la pran pou l pa renouvle TPS pou Ayisyen koze kè sote nan mitan kominote Ayisyèn Nouyok la. Gen kèk Ayisyen ki di VOA yo gen entansyon pwoteste.
Nan Miami, Avoka imigrasyon Ayisyen Eddy Laguerre bay VOA Kreyol presizyon sou ekspirasyon TPS pou Ayisyen 3 Out, 2025. Li te pale ak Luckson Saint-Vil.
Ayisyen nan Brooklyn eksprime yo sou ogmantasyon èd PNH la resevwa pou lite kont ensekirite nan dènye jou sa yo. Yo pa santi yo rasire malgre Etazini anonse y ap kontinye ak finansman Fòs multinasyonal la. Anpil nan yo kwè leta Ayisyen dwe bay direktiv yo.
Ogmantasyon nan depotasyon ICE ap fe nan Nouyok, lakoz responsab Ayisyen nan vil la pran dispozisyon pou ede migran Ayisyen yo.
Load more