Xi Ankouraje Biden pou 'Sispann Bay Taiwan Zam'

TOPSHOT - US President Joe Biden (R) and Chinese President Xi Jinping walk together after a meeting during the Asia-Pacific Economic Cooperation (APEC) Leaders' week in Woodside, California on November 15, 2023.

Prezidan Chinwa a Xi Jinping mèkredi 15 novanm nan mande tokay Ameriken li Joe Biden pou "sispann ame Taiwan" men li te kite yon ouvèti pou reouvè kominikasyon wo nivo ant 2 lame peyi yo, dapre sa Peken anonse Jedi.

Lachin konsidere Taiwan kòm youn nan pwovens li yo, ke li poko janm ka repran depi aprè lagè sivil Chinwaz la an 1949.

Xi fè konnen ke li favorize yon reyinifikasyon "pasifik" ak zile a, kote gen apeprè 23 milyon abitan. Taiwan gouvène aktyelman pa yon sistèm demokratik.

Prezidan chinwa deklare "Etazini (...) dwe sispann ame Taiwan epi sipòte reyinifikasyon pasifik ak Lachin," se deklarasyon sa yo Xi Jinping te fe nan pale li ak Joe Biden nan Kalifòni.

Lèzetazini ki gen relasyon diplomatik ak Lachin, sepandan li rete yon alye enpotan Taiwan epi Ameriken se prensipal founisè zam zile a.