Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Twoup Izrayelyen Debake nan Pi Gwo Lopital Gaza a

Palestinyen ki blese nan bonbadman Izrayel fe nan Gaza rive lopital vil Deir al-Balah, 15 Nov. 2023.
Palestinyen ki blese nan bonbadman Izrayel fe nan Gaza rive lopital vil Deir al-Balah, 15 Nov. 2023.

Twoup Izrayelyen yo debake nan pi gwo lopital Gaza a kote yo tap chache tras Hamas andedan an ak anba bilding nan, ki chaje ak plizye santen pasyan pami yo tibebe ki fek fet.

Lopital la pase plizye jou san elektrisite ak yon ti kras manje pandan batay ap dewoule ozalantou li.

Responsab lasante Gaza yo pale de pesonel medikal ak pasyan ka pe anpil nan moman twoup anvayi espas la.

Ahmed Etiema, yon Palestinyen ki suviv atak la rakonte sa l viv.

" Timoun yo te nan pyes la sanzatann obu a frape sol la nan etaj pi wo a. Timoun isit yo blese. Gen 4 mwen jwenn yon lot 3 timoun. Mwen pa konn ki kote yo ye. Mespere Bondye va tire revanj li pou sa."

Detay sou atak Mekredi a poko finn kle, men otorite nan Izrayel ak Gaza prezante vesyon diferan de sak pase adedan lopital la.

Lame Izrayelyen an pibliye yon videyo ki montre solda yo kap pote bwet ki make "manje pou tibebe" ak "pwovizyon medikal" sou yo.

Premye Minis Benjamin Netanyahu rankontre twoup Izrayelyen yo nan baz Zikim la tou pre rejyon no Gaza.

"Nou sonje le yo te di nou nou paka antre Gaza. Nou antre. Yo di nou paka pwoche Gaza Siti. Nou rive. Yo di nou paka antre Shifa - Nou antre."


Netanyahu di li pale ak Prezidan Etazini Joe Biden epi di l Izrayel pap sispann.

"Nou pap bay le gen. Nou pral elimine Hamas epi atenn yon viktwa konple epi reprann otaj nou yo. Ak asistans ou epi asistans Bondye. Mesi anpil nou eksepsyonel."

Prezidan Mahmoud Abbas kondane batay Gaza a ak zak vyolans ki vize Palestinyen yo. Misye pran la pawol Mekredi a lokasyon jounen Endepandans Palestinyen an.

"Kadav timoun nou yo ke misil agresyon Izrayelyen sa a rache an miyet mosso, san fanm nou ak gason nou ki koule - misil lame agresyon an kraze espwa yo epi etenn lavi yo. Se pral yon madichon pou yo si yo eseye okipe nou. Sa yo ki rete vivan pap rete bouch be sou krim lage Izrayel komet kont pep nou nan Gaza, nan Sisjodani ak nan Jeruzalem."

Izrayel ap fe fas ak anpil presyon pou pwouve deklarasyon li fe pou di Hamas te transfome lopital Shifa a pou fel tounen yon baz komandman.

Chef Oganizasyon Mondyal Lasante a OMS, TEDROS GHEBRE-YESUS deklare Mekredi atak sou lopital Shifa a "konpletman inekseptab."

"Operasyon milite Izrayel la nan lopital Al-Shifa Gaza Siti a konpletman inekseptab. Lopital pa chan batay. Nou gen anpil ke sote pou sekirite anplwaye medikal yo ak pasyan yo. Pwoteksyon yo total-kapital. OMS pedi kontak ak travaye lasante kap travay nan lopital Al-Shifa yo."


Lachin bo kote pa li lanse apel pou yon seselfe.

Mao Ning, se potpawol Ministe Afe Etranje Lachin.

"Lachin repete plizye fwa fok gen yon seselfe pi vit posib pou evite dezas imanite pi grav. La chin ap fe jefo pou aji kom medyate pou mete fen nan konfli a. Lachin pral kontinye travay ak lot pati yo pou jwe yon wol konstruktiv e aktiv - pwomouvwa yon seselfe, bese tansyon yo, soulaje sityasyon imanite a epi chache yon lape dirab ki gen yon solisyon 2 eta ladann."

Yon lot kote, Minis Defans Izrayelyen an Yoav Gallant te rankontre Kowodonate Espesyal Etazini pou Mwayen Oryan an Brett McGurk nan Ministe Defans la nan Tel Aviv Mekredi.

Nan yon deklarasyon li pibliye ministe a di 2 responsab yo diskite sou lage Izrael Hamas la pandan twoup Izrayelyen yo kontinye avanse nan Gaza.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AP ak Reuters.

See all News Updates of the Day

Izrayèl Asasine Chèf Hamas la

Izrayèl Asasine Chèf Hamas la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:58 0:00

Minis Zafè Etranje Izraelyen an, Katz anonse jedi lanmò lidè Hamas Yahya Sinouar, ki te mouri pandan yon operasyon militè nan Gaza.

Medya Ofisyèl Siryen yo Rapòte "Atak" Ayereyen Izrayelyen sou Latakia

Syria Israel Attack
Syria Israel Attack

Ajans ofisyèl siryen an Sana rapòte lannwit Mèkredi rive Jedi yon atak ayeryen "Izrayèl" te lakòz dife nan vil Latakia, ki twouve l bò lanmè a.

Obsèvatwa Siryen pou Dwa Moun pale de yon frap sou yon "depo zam".

"Defans anti ayeryen an te entèsepte sib enmi sou tèt Latakia," dapre sa ajans Sana a rapòte, li te refere li a "dife ki te kòmanse nan moman atak Izrayelyen" nan papòt vil sa a, bastyon Prezidan Bashar al-Assad, alye Hezbollah Libanè a nan gè kont Izrayèl la.

Obsèvatwa Siryen pou Dwa Moun, bò kote pa l, te rapòte sou X yon "frap Izrayelyen ki vize yon depo zam nan Latakia".

Chèf Diplomasi Izraelyen an Anonse ke Lidè Hamas Yahya Sinouar "Elimine"

FILE PHOTO: Palestinian Hamas supporters take part in an anti-Israel rally in Gaza City
FILE PHOTO: Palestinian Hamas supporters take part in an anti-Israel rally in Gaza City

Minis Zafè Etranje Izraelyen an, Katz anonse jedi lanmò lidè Hamas Yahya Sinouar, ki te mouri pandan yon operasyon militè nan Gaza.

Lame Izraelyen an "te anonse ke yo ap fè analiz ADN sou kadav ke yo kwè se pa konbatan Hamas" pou yo te kapab konfime ke se te kadav lidè politik mouvman islamis palestinyen Yahya Sinouar,dapre sa yon sous sekirite izrayelyen te di AFP jedi.

Mesye Katz te di nan yon deklarasyon li bay laprès "Ansasen an mas Yahya Sinouar, responsab masak ak atwosite ki te fèt 7 oktòb la, te elimine pa sòlda yo (fòs Izrayelyen yo)."

Izrayèl ap Fè Tès ADN pou Chache Konnen si Li Touye Chèf Hamas la

Palestinyen fe lake pandan distribisyon manje nan Deir al-Balah nan Gaza, 17 Oktob, 2024.
Palestinyen fe lake pandan distribisyon manje nan Deir al-Balah nan Gaza, 17 Oktob, 2024.

Lame Izrayelyen an di lap chache konnen si chèf Hamas la, Yahya Sinwar mouri nan yon operasyon militè nan Gaza.

Otorite yo tap fè tès ADN sou yon kadav pou detèminie si se misye, dapre sa yon responsab sekirite Izrayelyen di.

Lame a di nan yon deklarasyon ke 3 militan mouri pandan operasyon Gaza a, san yo pa presize ki kote ni bay okenn lòt detay.

Lame a di idantite 3 moun yo pa konfime, men ke lap "tcheke posibilite" ke youn nan yo se Sinwar.

Nan no Gaza, yon frap ayeryen Izrayelyen sou yon lekòl ki abitre Palestinyen ki kouri kite kay yo touye omwens 15 moun, pami yo 5 timoun, dapre sa Ministè Sante Gaza a di.

Klonfli nan Mwayen Otyan

Klonfli nan Mwayen Otyan
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:15 0:00

Menas ke Izrayèl ap fè pou vanje frap misil ke Iran te lanse kont li Premye Oktòb la ap soulve enkyetid kòmkwa ka gen yon konfwontasyon nikleyè nan rejyon an.

Load more

XS
SM
MD
LG