Gaza: La Kwa Wouj 'Gen Gwo Kè Sote' Apre Sòlda Izraelyen yo Atake Lopital Shifa a

FILE PHOTO: People are assisted at Shifa Hospital after hundreds of Palestinians were killed in a blast at Al-Ahli hospital in Gaza that Israeli and Palestinian officials blamed on each other

Komite Entènasyonal Lakwa Wouj la te di ke li trè konsène pa rapò ak enpak operasyon militè lame Izraelyèn nan genyen sou lopital al-Shifa a.

Lopital Al-Shifa a pami pi gwo lopital nan Gaza.

Lakwa Wouj raple ke "pasyan, anplwaye medikal yo ak sivil yo dwe toujou rete pwoteje" e reponsab komite a di ke yo an kontak "ak otorite konsène yo."

Chèf OMS la Tedros Adhanom Ghebreyesus di li 'trè konsène' apre atak sa fòs Izraelyen yo te fè sou lopital al-Shifa a.

Nasyonzini bò kote pal di li gen "laperèz" apre atak lame Izraelyen fè nan lopital al-Shifa a.