Yon Jij Ameriken Kondane yon Ex-Sòlda Kolonbyen pou Wòl li nan Asasina Prezidan Moise la

Foto Achiv: Ajan FBI ede otorite Ayisyen yo envestige asasina Prezidan Jovenel Moise nan rezidans prive li nan Potoprens, Ayiti, 15 Jiye, 2021.

Ansyen kolonèl lame Kolonbi German Rivera kondane pou l pase rès vi li nan prizon pou wòl li te jwe nan konplo pou touye Prezidan Ayisyen Jovenel Moise. Asasina Moise la, an 2021 kite yon vid pouvwa ki finn destabilize Ayiti.

Mwa pase a, Rivera te tounen dezyèm pami 3 akize ki plede koupab a akizasyon lajistis Ameriken dèske li te konplote pou touye Moise, ki te mouri pa bal nan chanm a kouche li epi madanm ni te blese lè nèg ame te fòse antre nan rezidans prive li nan nuit 7 Jiyè a.

Gen yon total 11 akize nan ka a, e semèn pase a, lapolis an Ayiti te arete ansyen responsab jidisyè Joseph Felix Badio - ke yo akize dèske se limenm ki te pase lòd pou asasinen Moise. Anketè yo di se mèsenè Kolonbyen ki te egzekite lòd sa a.

Plizyè biznisman akize dèske yo te ede finansye epi founi zam pou misyon an.

Dapre dokiman legal Rivera - ke moun konnen kòm Kolonèl Mike - siyen pou plede koupab, misye te fè pati konvwa ki te pran direksyon rezidans Moise la pou al touye prezidan nan mitan lanuit.

Foto Achiv: Prezidan Jovenel Moise mache ak madanm ni Martine pou al nan Pale Nasyonal la apre envestiti li nan Potoprens, 7 Fevriye 2017.

Rivera te releye enfomasyon tou bay ko-konspiratè yo pou fè yo konnen plan orijinal yo te genyen pou kidnape prezidan an te chanje pou tounen yon konplo pou asasinen li pito. Se sa li di nan dokiman kote li plede koupab la.

Gang ame finn pran kontwòl yon pakèt teritwa Ayisyen depi asasina a kote yo ogmante asnal zam ak fizi semi-otomatik ke otorite yo sispèk antre Ayiti soti Etazini. Yo ogmante richès yo tou gras ak pakèt kidnapping pou ranson yap plede komèt ansanm ak eskwokri.

Foto Achiv: Kek pami sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise (de goch a dwat) James Solages ak Joseph Vincent.)

Apepre 2 milyon Ayisyen ap viv anba kontwòl gang yo, e gen 200,000 lot ki oblije kouri kite kay yo akoz atak gang yo lanse epi lese frape bandi yo ak lapolis nan divès katye.

Plizyè peyi ap diskite sou posibilite pou yo ta voye yon fòs miltinasyonal ke gouvènman Ayisyen an te mande pou voye ane pase a pou ede polis nasyonal la jere gang yo. Sepandan, plan sa a poko tounen reyalite.