Accessibility links

Breaking News

Lapolis Ayiti Arete Joseph Felix Badio, yon Sispèk Kle nan Asasina Prezidan Moise


Joseph Felix Badio apre arestasyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 19 Oktob, 2023. (Foto: PNH)
Joseph Felix Badio apre arestasyon li nan Petion-Ville, Ayiti, 19 Oktob, 2023. (Foto: PNH)

Lapolis nan peyi d Ayiti arete ansyen responsab jidisyè Joseph Felix Badio nan kad asasina Prezidan Jovenel Moise la. Se sa pot pawol PNH la di Reuters Jedi.

Anketè yo akize Badio dèske li te anboche mèsenè ki te touye prezidan an nan mwad Jiyè 2021.

Asasina Moise la plonje peyi d Ayiti nan yon kawo politik epi ogmante zak vyolans ak ensekirite nan peyi a.

Polisye ame te entèsepte Badio nan moman li tap kondui pou soti nan paking yon sipèmache nan Petion-Ville, yon Banlye Potoprens, dapre yon temwen.

Lajistis konsidere Badio tankou yon sispèk kle nan konplo asasina a.

Yo akize l de vol ame, asasina ak tantativ asasina.

Se yon gwoup ki te konpoze de mèsenè Kolonbyen pou pi fo, dapre anketè yo epitou plizyè Ayisyen ak Ayisyen-Ameriken ki patisipe nan asasina a.

Lajistis Etazini deja kondane plizyè pami sispèk ki enplike nan asasina a pami yo ex-senatè Ayisyen Joseph Joel John ak biznisman Ayisyen-Chilyen Rodolphe Jaar.

Sa pa gen lontan, LONU apwouve yon rezolisyon pou voye yon fos miltinasyonal an Ayiti pou ede polis nasyonal la. Se Ayiti ki mande fos la, men pa gen anpil peyi ki volontye pou kontribye pèsonèl nan fos la, e jiskaprezan, plan an poko materyalize.

XS
SM
MD
LG