Premye Minis Pwovizwa Liban al Vizite Twoup yo sou Fwontyè Izrayèl la

Moun asiste pwosesyon fineray yon konbatan Hezbollah ki rele Bilal Nemr Rmeiti ki mouri nan yon atak Izrayelyen nan sid Liban, 22 Oktob, 2023.

Premye Minis A.I. Liban an al vizite twoup ki deplwaye sou fwontye peyi a ak Izrayel ansanm ak solda mentyen lape Nasyoznuni yo nan moman militan Hezbollah yo ak twoup Izrayelyen yo ap goumen pou 3em semen.

Vizit Premye Minis Najib Mikati Madi nan pwovens sid la kote sityasyon an mangomen de premye vwayaj li fe nan zon nan apre atak sipriz gwoup militan Palestinyen Hamas la te lanse kont Izrayel 7 Oktob pase a.

Li vini 2 jou apre premye minis Izrayelyen an te vizite twoup pa li yo sou fwontye a.

Mikati ak gouvenman entenasyonal yo ap kouri prese prese pou eseye anpeche lage Izrayel-Hamas la epapiye nan peyi Liban, kote gwoup puisan Hezbollah a lanse avetisman bay Izrayel pou di pinga li lanse yon operasyon teres nan Gaza.