Izrayèl Frape Gaza, La Siri ak Sisjòdani

Yon doke Palestinyen kenbe yon timoun ki te blese nan yon atak ayeryen nan Gaza, Dimanch 22 Oktob, 2023.

Avyon lagè Izrayelyen frape sib toupatou nan Gaza ak 2 ayewopò nan peyi vwazen La Siri, nan moman lagè ak Hamas la antre nan 2èm semèn ni epi menase pou l deklanche yon konfli pi laj.

Izrayèl twoke kout zam ak gwoup militan Libanè Hezbollah a chak jou depi lagè a kòmanse, e tansyon yo ogmante anpil tou nan Sisjòdani ke Izrayèl okipe a, kote fòs Izrayelyen yo ap batay ak militan yo nan kan refije yo. Yo lanse 2 atak ayeryen nan zòn nan pandan 2 jou ki sot pase yo.

Palestinyen yo evakye suvivan yon bonbadman Izrayelyen nan Gaza, Dimanch 22 Oktob, 2023.

Premye Minis Benjamin Netanyahu di twoup yo nan nò Izrayèl Dimanch ke si Hezbollah lanse lagè kont Izrayèl, se pral "pi gwo erè nan vi li."

Depi plizyè jou, Izrayèl sanble prèt pou l lanse yon ofansiv terès nan Gaza, apre atak Hamas te lanse 7 Oktòb la, ki te lakoz anpil san te koule.