Biden Konfime Liberasyon Otaj Ameriken yo

Prezidan Joe Biden pandan yon diskou nasyonal nan Biwo Oval Lamezonblanch la, 19 Oktob, 2023.

Lamezonblanch pibliye yon deklarasyon Prezidan Joe Biden ki di: "Jodia nou asire liberasyon 2 Ameriken Hamas te pran an otaj pandan atak teworis orib yo te lanse kont Izrayel 7 Oktòb pase a. Konpatriyòt nou yo viv yon peripesi terib pandan 14 jou ki pase yo e mwen kontan anpil ke yo pral rejwenn fanmi yo tale konsa. Fanmi yo te krenn pou sekirite yo anpil. Moun sa yo ak fanmi yo gen tout sipò gouvenman Etazini nan moman yap reprann yo epi geri e nou dwe respekte vi prive yo nan moman sa a."

Prezidan an di tou suit apre atak la, Etazini ap travay 24 he sou 24 pou jwenn liberasyon otaj Ameriken Hamas kidnape yo e ke jefò sa yo ap kontinye jiskaske yo jwenn liberasyon tout otaj yo.

"Mwen remesye gouvenman Qatar ak gouvenman Izrayel pou kolaborasyon yo. Jill ave m nou genyen fanmi Ameriken ki disparet yo nan ke nou. E mwen di fanmi sa yo le m te pale ak yo semen pase a ke nou pap sispann travay jiskaske fanmi yo tounen lakay yo. Antanke prezidan pi gwo priyorite mwen se sekirite Ameriken yo kenbe kòm otaj toupatou nan mond lan."