Hamas di li Libere 2 Otaj Ameriken

2 Moun ki gen fanmi yo pami otaj Hamas pran yo rekonfote youn lot nan Tel Aviv, 14 Oktob, 2023.

Gwoup Islamis Hamas la deklare Vandredi li libere 2 otaj Ameriken - Judith ak Natalie Raanan yon manman ak pitit fi - pou sa li dekri tankou "rezon imanitè" apre Qatar te aji kom medyatè.

Biwo Premye Minis Benjamin Netanyahu konfime nouvel la Vandredi.

Hamas fè dappiyanp sou medam yo nan kibbutz (yon espèz de konbit Juif) Nahal Oz la tou pre frontyè Gaza a. Yo nan wout kounyea pou al nan yon baz militè nan rejyon santral Izrayèl dapre yon deklarasyon biwo Netanyahu pibliye.

Laprès Ameriken di medam yo se moun Evanston, ki se yon banlye Chicago.

Potpawol zèl ame Hamas la, Abu Ubaida pibliye yon deklarasyon ki anonse liberasyon an. Se premye otaj yo libere depi nèg ame Hamas yo te antre Izrayèl 7 Oktob pase a epi touye 1,400 moun epi pran apepre 200 otaj.

Chanèl 13 Izrayelyen an konfime liberasyon 2 otaj yo men li pa bay okenn lot detay.

Izrayèl ratibwaze yon katye nan no Gaza pi bonè Vandredi apre li te bay fanmi ki abite nan zon nan 30 minit pou yo chape poul yo. Atak Izrayelyen an frape yon legliz Otodoks Kretyen kote moun te pran abri.

Izrayel sèmante pou l elimine Hamas nèt. Hamas kontwole Gaza. Se konsa Izrayèl lanse atak san gade deye kont anklav la - sa ki mete 2,3 milyon abitan zon nan nan gwo danje. Li entèdi tou livrezon manje, gaz ak medikaman.

Sekretè Jeneral Nasyonzuni al vizite Gaza ak Ejipt Vandredi. Li deklare fok yo pèmèt asistans imanitè antre pi vit posib.

Gen omwens 4,137 Palestinyen ki mouri, pami yo plizye santèn timoun, epi 13,000 ki blese nan Gaza, dapre sa ministè sante piblik Palestinyen an fè konnen.