Lapolis Arete Plis Pase 300 Manifestan ki tap Pwoteste Kont Lagè Izrayèl-Hamas la bò Capitol la

Lapolis ki pwoteje Capitol la arete manifestan ki ap pwoteste nan biwo Cannon House Kongre Etazini an, 18 Oktob, 2023.

Plis pase 300 moun jwenn arestasyon yo poutèt yo tap pwoteste ilegalman pou mande yon seselfe nan lagè ant Izrayèl ak Hamas la. Gen 3 moun ke yo akize dèske yo te atake lapolis apre yo te desann sou Capitol la ki se syèj palman Etazini.

Plizyè santèn gwoup militan Juif yo te debake nan biwo Kongrè a Mèkredi. Yo te gen sou yo mayo ki di "Juif yo di Seselfe Kounyela a" e yo te chante "kite Gaza viv" epi "pa fè l nan non mwen" anvan lapolis ki pwoteje Capitol la te mete yho anba kod.

Manifestasyon entèdi andedan bilding Capitol yo e lapolis di yo te avèti moun yo lè yo te antre nan biwo Cannon House la ke yo dwe sispann anvan yo te komanse arete yo.