Konsèy Sekirite LONU Renouvle Rejim Sanksyon sou Ayiti yo

Your browser doesn’t support HTML5

Konsèy Sekirite LONU Renouvle Rejim Sanksyon Ayiti yo

Konsèy Sekirite Nasyonzuni adopte a l unanimite, yon rezolusyon ki renouvle pou yon ane rejim sanksyon sou Ayiti, ki gen ladann yon anbago zam, konjelasyon byen epi entèdiksyon travay.

Se Ekwatè ansanm ak Lèzetazuni ki ekri rezolusyon sou Ayiti a. Apre vòt la Reprezantan Pèmanan Ekwatè nan LONU, Hernan Perez Loose te pran la pawòl.

"Jan nou deja di l plizyè fwa, kriz imanitè, politik ak sekirtè Ayitia gen plizyè dimansyon e li mande yon repons entegre."

Reprezantan Adjwen Lèzetazuni an Robert A. Wood deklare Etazini trè preokipe pa sityasyon Ayiti a.

"Nou trè trè preokipe pa rapò ak sekirite a ak sityasyon imanitè a an Ayiti. Gen anpil Ayisyen ki kontinye soufri akoz zak vyolans yo. Apwobasyon rezolisyon sa a ranfòse yon souti kle nan seri zouti Konsey Sekirite a genyen a la dispozisyon li pou lapè ak sekirite pou ede nou jwenn yon solisyon politik dirab ki esansyel pou ka gen lapè ak pwosperite nan lavni pou pèp Ayisyen an ak pou rejyon an."

Reprezantan Pèmanan Ayiti a, Antonio Rodrigue fè remake ke vòt sa a suiv apwobasyon rezolisyon 2699 la ki te apwouve deplwaman yon fòs miltinaysonal pou ede sekirize Ayiti.

Rezolusyon an renouvle manda yon Panel Ekspè Ayiti a tou.