Accessibility links

Breaking News

Anbasadris Etazini nan LONU Bat Bravo pou Apwobasyon Rezolisyon Konsèy Sekirite a sou Sanksyon pou Ayiti


Foto Achiv: Linda Thomas-Greenfield, Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni.
Foto Achiv: Linda Thomas-Greenfield, Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni.

Anbasadris Etazini nan Nasyonzuni, Linda Thomas-Greenfield dekri tankou yon "gwo pa enpòtan ann avan" apwobasyon Konsey Sekirite LONU an jodia sou yon rezolisyon ki renouvle sanksyon kont kek Ayisyen.

Anbasadris Thomas-Greenfield di se yon pa enpòtan pou ede pep Ayisyen an ki viktim zak vyolans brital gang yo, ensekirite alimante ekstrem, yon epidemi kolera ak plizye zane enstabilite ak soufrans san nesesite.

Se Lezetazuni ak Ekwate ki ekri rezolisyon an ansan. Se 3em rezolisyon sou Ayiti ke Konsey Sekirite a adopte depi mwad Jiye ane sa a.


Nan yon nòt pou lapres li voye bay VOA, Anbasadris la di: "Lezetazini toujou gen gwo ke sote pou ensekirite a ak sityasyon imanite a an Ayiti."

Li di rezolisyon yo apwouve a rekonet bezwen ki egziste andedan peyi d Ayiti e li kore rezolisyon Konsey Sekirite a adopte resaman epi renouvle ak ranfòse manda Biwo Entegre Nasyonzuni an Ayiti a. Li otorize tou, sipò pou fòs miltinasyonal ki pral ede sekirize Ayiti.


Rezolusyon an renouvle manda yon Panel Ekspe Ayiti epi renouvle anbago zam, entediksyon vwayaj, epi bloke byen kek Ayisyen. Thomas-Greenfield di zouti sa yo pral jwe yon wòl total kapital nan travay kap fet pou pwomouvwa lape ak stabilite an Ayiti ak nan rejyon an an jeneral.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG