Chanm Depite Larisi Apwouve yon Pwojè Lwa ki Revoke Ratifikasyon Entèdiksyon Mondyal Tès Nikleyè

Chanm Depite nan palman ris la vote madi kote li bay apwobasyon preliminè pou yon pwojè-lwa ki revoke ratifikasyon li pou yon entèdiksyon mondyal sou tès nikleyè, sa ke Moskou dekri kòm yon aksyon pou fè menm jan ak Etazini.

Tout manm nan Chanm Duma a san wete youn vote pou rantre ratifikasyon sa ki rele Trete Detaye pou Entèdi Tès Nikleyè, ki gen abreje an angle CTBT, nan premye sou 3 lekti ke chanm nan dwe fè, dapre regleman. Vòt final la ap fèt semenn sa a menm.

Vòt sa a vini apre yon deklarasyon Prezidan Ris Vladimir Putin, ki te avèti, mwa sa a, ke Moskou ka revoke desizyon ke li te pran nan ane 2000 pou ratifye pwojè-lwa ki te reflete menm pozisyon ak Etazini, ki te siyen men ki pa te ratifye entèdiksyon sou tès nikleyè a.