Putin Rankontre Xi nan Woumble Senti ak Wout pou Koperasyon Entenasyonal la

Prezidan Larisi Vladimir Putin (a goch) ak Prezidan Lachin Xi Jinping.

Prezidan ris Vladimir Putin ak lidè chinwa Xi Jinping te gen yon reyinyon ke anpil moun t ap tann pou fèt nan okazyon Woumble Senti ak Wout pou Koperasyon Entènasyonal la ki ap dewoule jodi mèkredi a. 2 lidè yo pwofite rankont la pou yo chante lwanj pou relasyon sere ki ekziste antre yo, pandan y ap selebre relasyon politik ak ekonomik ki ap vin pi pwofon ant LaChin ak LaRisi.

Xi pale pou di :

« Respè politik ke 2 peyi yo len genyen pou lòt pa sispann vin pi pwofon. » Li bat bravo pou « kòdinasyon sere e ki byen mache antre yo, » e ke yo toujou kenbe.

Dapre kèk analis, rankont la pèmèt Xi prezante LaChin kòm yon lidè ke sa ki rele Sid Mondyal la ka chwazi.

Woumble sa a fèt pandan ke gen yon konfli militè ki ap vin pi grav ant Izrael ak gwoup militan palestinyen Hamas. Pandan LaChin ak LaRisi kondane frap aeryen Izrael kont Gaza e mande yon sese-lfe, Xi ak Putin pa pale de kesyon sa a an piblik.

Nan yon nòt pou laprès ke ajans Chin Nouvèl pibliye, Xi mande efò an komen ant Peken ak Moskou pou « pwoteje onètte ak jistis entènasyonal. »