Accessibility links

Breaking News

UNGA: Biden Ankouraje Lidè Mondyal yo Apiye Ikrèn kont 'Anvayisè Ris yo'


Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol devan 78e Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 19 Sept. 2023.
Prezidan Etazini Joe Biden pran la pawol devan 78e Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 19 Sept. 2023.

Prezidan Etazini Joe Biden lanse apèl bay lidè mondyal yo nan Asanble Jeneral Nasyonzuni an Madi pou yo kanpe bò kote Ikrèn kont anvayisè Ris yo.

"Lezetazini vle yon mond ki gen plis sekirite, plis pwosperite ki pi ekitab pou tout moun, paske nou konnen avni nou lye ak pa w. Te'm repete sam sot di a. Nou konnen avni nou makonnen ak pa w. E okenn peyi paka leve defi mond sa a poukont li."

Diskou Biden nan, nan rankont anyèl LONU an, se poto mitan vizit 3 jou lap fè nan Nouyòk kote li pral rakontre ak chèf dea 5 peyi Azi Santral epi lidè Israel ak Brezil.

Biden Ankouraje Lidè Mondyal yo Apiye Ikrèn kont 'Anvayisè Ris yo'
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:10 0:00

Biden, yon Demokrat lanse apèl bay alye Etazini yo pou mande yo apiye Ikren - ki se yon pwen santral politik etranje Etazini. Prezidan an di fòk mond lan voye yon mesaj kle bay Prezidan Rus la Vladimir Putin pou montre l li pap kapab suviv L Oksidan.

"Pou 2em ane youn apre lòt, rankont sa a ki dedye a rezolisyon pasifik konfli gen yon lombraj lage sou li. Yon lage ilegal ke Larisi lanse san pwovokasyon kont vwazen li Ikren. Menm jan ak tout peyi nan mond lan, Etazini vle pou lage sa a fini. Okenn peyi pa vle pou lage a fini plis pase Ikren. E nou apiye ak tout fòs nou Ikren nan jefò lap mennen pou jwenn yon solisyon diplomatik e jis ki va debouche sou lape dirab. Men se Larisi poukont li ki responsab pou lage sa a. Larisi poukont li gen pouvwa pou l fini lage sa a tou suit. "

Biden te pale de Ayiti tou.

"Nou byen akeyi peyi ki pran devan pou dirije nouvo fason, epi jwenn solisyon pou pwoblem difisil. Pa egzanp pa rapò ak Ayiti kominote Karayibeyen nan ap fasilite yon diyalòg ak sosyete sivil Ayisyen nan. Mwen remesye Prezidan Kenya a Ruto pou volonte li pou l dirije yon yon fòs ke LONU apiye pou Ayiti. Mwen lanse apel bay Konsey Sekirite a poul otorize misyon sa a kounyela a. Pep Ayisyen an paka tann pi lontan. "

Nan diskou li, Biden te ankouraje tou kowoperasyon entenasyonal pou jere entelijans atifisyel. Li di Etazini pran angajman pou kowopere ak lachin sou kestyon enpotan tankou chanjman klimatik e li ankouraje Peken pou l respekte prensip entenasyonal yo.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG