Biden di Izrael Dakò pou Pèmèt Asistans Imanitè Antre Gaza an Pasan pa Ejipt

Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou sou lage ant Izrael ak Hamas la apre yon rankont ak Premye Minis Benjamin Netanyahu, Mekredi 18 Oktob, 2023 nan Tel Aviv.

Prezidan Joe Biden deklare Izrael dakò pou pèmèt asistans imanitè komanse antre Gaza an pasan pa Ejipt, avèk konpreyansyon ke fòk yo enspekte sakap antre e ke asistans la dwe al jwenn sivil yo pa Hamas.

Izrael koupe sikilasyon manje, gaz ak dlo nan Gaza apre atak Hamas te lanse kont li a.

Medyatè ap redi pou jwenn yon antant ant pati rival yo pou pèmèt sivil dezespere, gwoup asistans yo ak lopital yo gen aksè ak pwovizwyon premye nesesite.

Biden deklare Mèkredi nan peyi Izrael, ke li ankouraje kabinè a apwouve livrezon asistans imanitè ki ka sove lavi moun antre Gaza.