Omwens 500 Moun Mouri nan Bonbadman yon Lopital Gaza

Timoun chita nan yon anbilans nan lopital Shifa a apre yon atak ak misil frape lopital Al-Ahli nan Gaza Siti, 17 Oktob, 2023.

Yon atak ayeryen Israelyen touye omwens 500 moun nan yon lopital nan Gaza Siti Madi, dapre sa otorite Palestinyen nan anklav la deklarle. Sepandan otorite fòs defans Izraelyen yo di se yon misil Jihad Islamik la ki echwe ki frape lopital la.

Oganizasyon Mondyal La Sante, OMS, kondane atak la ak tout fòs li. Nan yon koze ak jounalis toupatou nan mond lan, responsab OMS yo lanse apel pou yon seselfe tou suit. OMS di gen plis pase 115 atak ki vize enstalasyon la sante yo e ke atak sou lopital Gaza a se yon bagay yo poko janm konstate anvan.

Le jounalis yo mande si yo konsidere sa tankou yon krim lage, OMS di nempòt ki atak ki vize enstalasyon la sante kap swaye moun se yon vyolasyon lwa entenasyonal yo.

Your browser doesn’t support HTML5

Enpak Atak ak Misil sou Lopital Gaza a Madi 17 Oktòb

Prezidan Palestinyen Mahmoud Abbas te anile apre atak lopital la, yon rankont li te sipoze genyen ak Prezidan Joe Biden Mekredi.

Biden gen poul vwayaje Izrael aswe a pou rankontre responsab Izraelyen ak Palestinyen.

Iran, La Tiki, Inyon Ewopeyen, Jodani, ak Arabi Saoudit ak Emira Arab Uni kondane atak la.

Pandansetan, La Risi ak Emira Arab Ini lanse apel pou yo oganize yon rankont Konsey Sekirite LONU an 18 Oktòb pou diskite sou atak lopital la.