Blinken Tounen Izrael

Sekrete Deta Etazini Antony Blinken (a dwat) ak Minis Defans Izraelyen an Yoav Gallant nan Tel Aviv, 16 Oktob, 2023.

Sekretè Deta Antony Blinken tounen Izrael Lendi apre vizit nan plizyè peyi nan rejyon Mwayèn Oryan an. Blinken di Lèzetazini ap travay ak Ejipt epi LONU pou asire asistans ka antre Gaza pou moun ki nan bezwen yo.

Blinken reafime sipo Lèzetazini pou Izrael nan lit li kont Hamas pandan rankont li te genyen ak lidè peyi Bahrain, Ejipt, Jodani, Otorite Palestinyen an, Qatar, Arabi Saoudit ak Emira Arab Uni.

Nan pale li te fè Dimanch apre rankont li ak prezidan Ejipsyen an Abdel Fattah el-Sissi, Blinken te deklare fason Izrael egzèse dwa li pou l defann tèt li ak pèp li gen yon enpòtans total-kapital.

"Izrael gen dwa vreman vre e li gen obligasyon pou l defann tèt li kont atak sa yo ke Hamas ap lanse kont li, epi fè sa l kapab pou asire sa pa janm rive ankò. Jan mwen te di l nan Tel Aviv, e Jan Prezidan Biden di l fason Izrael fè sa enpòtan. Fòk li fèl yon fason ki re-afime prensip nou pataje yo vizavi lavi kretyen vivan ak diyite imen, epi pran tout prekosyon posib pou evite touye sivil."


El Sissi bò kote pa li deklare pandan rankont li ak Blinken ke operasyon militè Izrael ap mennen nan Gaza a depase "dwa li genyen pou l defann tèt li" e ke li finn tounen kounyea yon "punisyon kolektif", dapre sa laprès leta Ejipsyen an rapòte.

Se deklarasyon pi sevè yon lidè Arab fè an piblik pandan vizit Blinken nan.

Rankont Blinken yo te vize anpeche konfli a pwopaje pi plis nan rejyon an epi ede jwenn liberasyon otaj Izraelyen ak Ameriken Hamas kenbe yo.

Lèzetazini di yon pos fwontyè ant Gaza ak Ejipt pral relouvri, men dat pou sa fèt poko klè nan moman Nasyonzuni lanse avètisman pou di pral gen konsekans imanitè grav nan Gaza.

Izrael limenm di Palestinyen kap viv nan rejyon nò anklav la ke yo dwe pati kite zòn nan anvan li tanmen operasyon militè li a.