Lidè Sena Etazini Schumer di Kongrè a Pral Kouri Vit Apwouve Asistans Militè pou Izrael

Senate Chuck Schumer (a dwat), Mitt Romney (nan fon an) ak plizye lot moun pandan yon vizit nan yon abri nan Tel Aviv, Izrael, Dimanch 15 Oktob, 2023.

Lidè Majorite Sena Etazini an, Senatè Chuck Schumer deklare Dimanch nan Tel Aviv ke sena a pal prese vit apwouve yon pwojè asistans militè pou ede Izrael nan lagè kont gwoup Islamis Palestinyen Hamas la.

Schumer deklare pandan yon konferans pou laprès an Izrael: "Nou pral travay pou apwouve asistans la rapido-presto nan sena a, e lidè Izraelyen yo di nou klèman yo bezwen asistans la osito posib."

Schumer di pami demann Izrael fè yo genyen plis entèseptè pou sistèm defans anti-misil Iron Dome li an, kap opere san-rete pou desann obu Hamas ap lanse depi Gaza epitou minisyon presizyon.