Biden Deplore Atak Hamas Kont Izrael la Kòm 'Pur Mechanste'

Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris ak Sekrete Deta Antony Blinken bo kote li, pale sou konfli Izrael ak Hamas la nan Lamezonblanch, 10 Oktob, 2023 nan Washington.

Prezidan Etazini Joe Biden denonse atak Hamas lanse kont Izrael la, ke li dekri tankou yon zak "mechanste pur" e li souliyen sipo Etazini pou Izrael nan moman peyi sa an dèy pou plis pase 1,000 moun ki mouri.

"Tem repete nempot ki peyi, oganizasyon moun kap chache pwofite de sityasyon sa a - mwen gen yon sel pawol pou nou - pa fel. Pa fe l."

Biden ajoute li pale ak lidè peyi alye Etazini ann Ewop tankou Frans, Almay, Itali ak Angletè e ke yap pare yon repons kowodone."

Pami viktim yo gen omwens 14 Ameriken.

Biden konfime Madi (10 Oktob)ke sitwayen Ameriken pami moun gwoup Islamis Palestinyen Hamas la kenbe ann otaj, apre atak li te lanse pandan wikenn nan kont Izrael. Prezidan an eksprime kè sote pou byenèt moun sa yo.

Hamas se yon gwoup Islamis ke Iran apiye.

"Gen moman nan lavi sa a kote malè anvayi mond lan. Pèp Izraelyen an viv yon moman konsa wikènn ki sot pase a," Biden deklare.

Li ajoute: "Se yon zak mechanste pur."

Gen plizyè santèn moun ki mouri nan atak sipriz la Samdi, ke Hamas lanse pandan yon gwo fèt relije Juif.

Biden pran la pawol nan Lamezonblanch Madi apremidi pou re-afime sipo Lèzetazini pou alye li, Israel, epi pou deplore zak sovaj kap komèt pandan konfli a.

Biden di otorite Ameriken yo ap pran mezi pou anpeche tout menas ki egziste nan peyi a pou moun lanse atak sou teritwa Ameriken apre sak pase Israel la.

FBI te fe konnen pi bone Madi ke "lap veye de pre evenman kap dewoule" men li ajoute li "pa gen okenn enfòmasyon presi ni ranseyman ki endike gen menas ki poze pou Etazini ki lye ak atak Hamas la."