Prezidan Meksiken an Pral Akeyi Lidè Rejyonal yo 22 Oktòb pou Diskite Kriz Migrasyon an

Prezidan Meksik la, Andres Manuel Lopez Obrador deklare Lendi li envite tokay li yo nan rejyon an pou yo vinn Meksik 22 Oktòb pou patisipe nan yon rankont kote yo pral diskite sou mezu pou redui migrasyon an kap ogmante anpil-anpil.

Prezidan Kosta Rika ak Panama apiye inisyativ la, dapre yon deklarasyon konjwen yo te pibliye semèn pase a.