Etazini Kòmanse Livre Zam bay Izrael

Lamezonblanch limen ak limye ble e blan ki se koule drapo Israelyen an pou souliyen solidarite Etazini ak Israel, Lendi 9 Oktob, 2023.

Lèzetazini deja kòmanse livre zam ak minisyon esansyèl ansanm ak ekipman militè bay Israel, dapre sa Lamezonblanch fè konnen Lendi.

Pandansetan, Pantagon nan ap revize envantwa li pou wè ki lòt bagay li taka voye bay Izrael rapidman pou ogmante kapasite militè li. Lagè a deja antre nan 4èm jounen li.

John Kriby, pòt pawòl Konsèy Nasyonal Sekirite a konfime livrezon an.

Prezidan Joe Biden pare pou l pwononse yon diskou sou atak Hamas yo Madi apremidi.

Etazini konfime gen 11 Ameriken ki mouri nan atak la.

Yon responsab wo plase Depatman Defans la lanse avètisman tou pou di Etazini gen je l brake sou Hezbollah ak lòt gwoup Iran apiye yo.