Komisyon Afè Etranje Sena Etazini ap Vote sou Nominasyon Nouvo Anbasadè Ameriken pou Ayiti a

Your browser doesn’t support HTML5

Hankins: "San yon 'Fos Entèvansyon Entènasyonal, l ap Trè Difisil pou Ayiti Rezoud Ensekirite a"

Komisyon Sena Ameriken an kap travay sou Afè Etranje ap rankontre maten an pou vote sou nominasyon diplomat Dennis Hankins kòm nouvo Anbasadè Etazini nan peyi d Ayiti.

Pandan odisyon Sena a te fe sou nominasyon li nan mwad Jiye a, Hankins te di san yon fòs entènasyonal, li pap fasil pou Ayiti rezoud kriz ensekirite a:

"Mwen kwè li klè ke san okenn fòs entèvansyon entènasyonal lap trè difisil pou Ayisyen reprann kontwòl peyi yo a kou tèm."

Si Sena a konfime l, Hankins, ki se moun eta Minnesota e ki pale Franse, Pòtige ak Endonezyen, ta antre nan pòs li nan moman Depatman Deta sot mande sitwayen Ameriken kap viv an Ayiti pou yo pati kite peyi a akoz enskirite a.