5 Ameriken Iran te Fèmen nan Prizon Libere Lendi

De goch: Emad Sharghi, Morad Tahbaz ak Siamak Namazi, ansyen prizonye Iran te femen, kite yon avyon Qatar Airways nan Doha, Qatar, 18 Sept. 2023.

Ameriken Iran te fèmen nan prizon pandan plizyè zane libere Lendi e yo te mache men-nan-la-men nan moman yo tap desann avyon ki te transpote yo soti Iran.

Liberasyon an fè pati yon antant ant Etazini ak Iran ke yo te negosye ak anpil swen.

Boukantaj prizonye Etazini-Iran an vle di administrasyon Biden nan bay konstantman l pou debloke $6 milya byen Iranyen ke Kore di Sid dwe li.

Malgre liberasyon prizonye yo, tansyon yo toujou wo ant Etazini ak Iran sou kestyon pwogram nikleyè Teheran yo ak kèk lot kestyon anko.

Prezidan Iranyen an Ebrahim Raisi sugjere antant la taka ogmante konfyans ant peyi l ak Etazini. Sepandan boukantaj prizonye a fèt nan moman 2 rival yo dozado akoz pakèt militè ak bato Ameriken ki pran pozisyon nan Golf Pèsik la.