Accessibility links

Breaking News

Prezidan Iranyen an ap Vizite Amerik Latin nan


Prezidan Iranyen Ebrahim Raisi salye Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro nan Caracas, Venezyela, 12 Jyen 2023.
Prezidan Iranyen Ebrahim Raisi salye Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro nan Caracas, Venezyela, 12 Jyen 2023.

Nan premye vizit li nan Amerik Latin nan, prezidan liy-du Iranyen an rankontre ak tokay Venezyelyen li an, epi deklare tou le 2 peyi yo gen yon enmi komun. Obsèvatè yo di li tap fè referans ak Etazini.

Vizit Prezidan Ebrahim Raisi Lendi nan Venezyela, vini yon ane apre Prezidan Nicolas Maduro tal vizite li nan peyi Iran.

Tou le 2 peyi yo ap fè fas ak sanksyon ekonomik Etazini. Rankont prezidan yo te debouche sou siyati plizyè ako nan domèn tankou minn, petwol epi sektè medikal la.

Raisi di lyen ant 2 peyi yo "pa nomal, li se pito yo relasyon estratejik". Li ajoute peyi yo gen enterè komen epi enmi komen.

XS
SM
MD
LG