Accessibility links

Breaking News

Maduro Konfime Venezyela Pap Retounen Nan L'OEA


El presidente Nicolás Maduro participa en su programa "Con Maduro +", transmitido los lunes a través del canal del Estado.
El presidente Nicolás Maduro participa en su programa "Con Maduro +", transmitido los lunes a través del canal del Estado.

Prezidan Venezyela Nicolàs Maduro konfime lendi 15 me a ke peyil pa fè plan poul retounen manm Òganizasyon Eta Ameriken an, apre peyil te kite l nan ane 2019 akòz dezakò ak plizyè manm òganization an.

Prezidan venezuela an deklare ke "Òganizasyon Eta Ameriken an vin tounen yon dezòd, nou kapab di li kraze deja, L'OEA ta dwe disparèt.

Jan Prezidan Lopez Obrador (Prezidan Meksik) te di l, "li ta dwe disparèt". Petèt kreye yon mize pou li ".

"Se pou sa nou pati, nou pati pou tout bon e nou pa gen plan pou retounen, kanmarad, chemen venezyelen diferan."

Prezidan Maduro ak Prezidan Gustavo Petro (Kolonbi) te diskite sou reentegrasyon Venezyela nan OEA Novanm pase a, men sa pa debouche sou okenn akò definitif.

Maduro te kenbe yon diskou kritik anvè òganizasyon an "OEA" pandan plizyè ane e sitou depi lè òganizasyon an te rekonèt Juan Guaidó, kòm otorite lejitim peyi Venezyela, apre yo te kesyone re-eleksyon Maduro an 2018.

Yon reprezantan Guaidó te rankontre ak òganizasyon an jiskaske opozisyon Venezyelyen an li menm te mete fen nan gouvènman pwovizwa li te prezide an janvye 2023.

Venezyela pa gen okenn reprezantan kounye a nan OEA.

XS
SM
MD
LG