Lafrans nan Chita Pale ak Otorite nan Nijè sou Retrè Twoup li yo

A patrol of the Niger national Police drives past the French Embassy in Niamey on August 28, 2023.

PARIS, 5 septanm (Reuters) - Lafrans kòmanse yon chita pale ak kèk otorite nan lame Nijè a pou yo retire kèk twoup li nan peyi Afriken an apre koudeta jent lan te fè nan mwa Jiyè a, dapre sa jounal Le Monde rapòte madi.

Nan faz sa a, pako gen desizyon sou kantite sòlda franse ki ap kite peyi a, ni dat pou sa fèt, dapre Jounal Le Monde ki site sous ke li pa idantifye e ki pwoch negosyasyon yo.

Chita pale yo pa fèt ak lidè kou deta yo, men ak otorite lame regilye a ki toujou konn kolabore ak Lafrans depi lontan.

Apre koudeta a, Lafrans ki se ansyen pwisans kolonyal nan Nijè, te di li pral mete fen nan koperasyon militè epi koupe tout èd pou devlopman nan peyi a.

Men Paris kontinye rejte apèl lidè panzouyis yo te fè pou LaFrans retire 1,500 twoup fransè ki nan Nijè kounye a, kote li di li toujou konsidere prezidan eli demokratikman Mohamed Bazoum ki prizonye kounyea, kòm lidè lejitim peyi a.

Ministè defans franse a pa t reponn imedyatman yon demann Reuters pou li pale sou kesyon an.

Plizyè milye manifestan te rasanble deyò yon baz militè fransè nan kapital Nijè a Niamey Samdi a pou mande twoup yo ale.

Dapre Le Monde, LaFrans ta ka redeplwaye kèk nan twoup sa yo nan rejyon an, sitou kay vwazen an Chad, pandan kèk lòt sòlda ka retounen an Frans.

Men, yon retrè nan Nijè ta yon gwo kou pou enfliyans Lafrans nan rejyon an, apre li te oblije kite Mali, kote mèsenè Ris te vin ranplase yo.

Nijè se yon patnè sekirite pou Lafrans ak Etazini, ki te itilize li kòm baz pou konbat rebèl islamis nan rejyon Sahel la ak alantou li nan Afrik Lwès ak Afrik Santral.