Accessibility links

Breaking News

Premye minis Nijè a di li Espere Militè Franse yo Pwal Kite Peyi a Rapid Rapid


Niger's junta-appointed Prime Minister Ali Mahamane Lamine Zeine speaks during a press conference in Niamey
Niger's junta-appointed Prime Minister Ali Mahamane Lamine Zeine speaks during a press conference in Niamey

Premye minis ke jent la nonmen nan Nijè a fè konnen li espere ke twoup fransè yo pwal kòmanse wete kò yo nan peyi a pi vit posib.

Ali Mahamane Lamine Zeine te pale nan yon konferans pou laprès lendi 4 septanm, nan moman gen gwo manifestasyon nan yon baz militè fransè, depi samdi 2 Septanm, nan kapital la Niamey.

"Gouvènman an deja anile akò ki pèmèt yo baze sou teritwa nou an. Yo nan yon pozisyon ilegal. E mwen panse ke kèk pawòl nou te boukante ta dwe fè fòs sa yo retire kò yo nan peyi nou an byen vit."

Santiman anti-fransè ap monte depi koudeta militè Nijè a nan mwa Jiyè pase.

Sepandan, relasyon yo te agrave semèn pase a lè Lafrans te inyore lòd jent la pou anbasadè franse a kite peyi a.

Nijè deja koupe akò li te fè ak fòs militè franse pou konbat militan jihadis yo.

Nan konferans pou laprès la, Zeine di tou ke chita pale ak blòk rejyonal Afrik Lwès la t ap kontinye.

Men CEDEAO te mete plizyè sanksyon sou peyi a.

Lendi, lidè militè Nijè yo te relouvri espas aeryen pou tout vòl komèsyal yo.

XS
SM
MD
LG