Washington: Jij Tanya Chutkan Fikse Dat 4 Mas Pou Trump Al Jije Pou Konplo Pou Ranvèse Defèt li nan Eleksyon 2020 an

  • Serge Michel

(COMBO) This combination of pictures created on August 27, 2023 shows a handout photo dated 2022 provided by the United States District Court for the District of Columbia, of Judge Tanya Chutkan, then US President Donald Trump in Washington, DC, on July 3

Yon jij federal nan Washington fikse lendi dat 4 Mas 2024 pou ansyen Prezidan Etazini Donald Trump al jije anba akizasyon konplo pou ranvèse defèt li nan eleksyon 2020 an.

Jij Distri Federal Tanya Chutkan sot fè yon seyans depozisyon sou etap yo ki rete nan pwosè a.

Avoka gouvènman yo te pwopoze pou jijman an tanmen 2 Janvye. Avoka Trump yo te mande yon dat ann Avril 2026 pou pwosè a tanmen.

Trump anba akizasyon pou 4 pwosè kriminèl ki gen nan yo konplo pou twonpe gouvènman ameriken an, ak konplo pou anpeche yon otorite fè travay li.

Nan lòt ka, Trump gen pou al nan jijman nan eta New York nan finisman mwa Mas, yon lòt nan eta Florid nan mwa Me, ak yon lòt nan Atlanta ansanm ak 18 akolit li. Trump plede non koupab nan tout ka sa yo.