Accessibility links

Breaking News

Kanpay Trump Rapòte ke yo te Ranmase Plis pase $ 7 milyon apre Arestasyon li nan Georgia


Ex-Prezidan Donald Trump pale ak jounalis yo anvan li pati kite ayewopo Atlanta a, 24 Out, 2023.
Ex-Prezidan Donald Trump pale ak jounalis yo anvan li pati kite ayewopo Atlanta a, 24 Out, 2023.

NEW YORK (AP) — Ekip kanpay Donald Trump di ke li ranmase 7.1 milyon dola Jedi apre li te rann tèt li nan prizon nan Fulton County nan eta Georgia sou akizasyon ke li moute konplo ilegal pou ranvèse eleksyon 2020 nan eta a, e kote li te vin premye ansyen prezidan nan istwa Etazini ki jwenn ke yo pran foto li kòm prizyone.

Dapre Pòtpawòl kanpay la Steven Cheung, nan jou Vandredi a sèlman, kanpay la ranmase 4.18 milyon dola.

Sa moutre ke pwoblèm legal ansyen prezidan an Trump vin tounen yon opòtinite pou kanpay li, menm lè operasyon politik li a depanse anpil lajan nan jere pwoblèm legal li yo.

XS
SM
MD
LG