Panama Kritike Kolonbi Poutèt li Pa Ede Jere Pakèt Migran Kap Travèse Pas Darien nan

Foto Achiv: Migran travese Pas Darien nan soti Kolonbi pou ale Panama ak espwa yap ka rive sou fwontye Etazini, 9 Me, 2023.

Responsab imigrasyon pi wo plase Panama a kritike Kolonbi, dèske li pa eseye ralanti kantite migran kap travèse Pas Darien nan. Pas Darien nan se yon rak bwa ki danjre anpil e yo anrejistre yon chif rekò moun ki travèse l ane sa a.

Direktè Sèvis Imigrasyon Samira Gozaine deklare Dimanch, nan jou ki sot pase yo gen ant 2,600 ak 2,800 migran ki pase nan rak bwa a, ki konekte Amerik di Nò ak Amerik di Sid la.

Ane pase a se apepre 700 migran pa jou ki te konn travèse forè a ki pa gen wout ditou.

Nan mwad Avril la, Etazini ak Panama ak Kolonbi te mete yo dakò pou yo sere boulon trafikan kap chache mennen migran yo nan Pas Darien nan ilegalman.

Gozaine di gen yon mank pataj enfòmasyon ak aksyon konjwen bò kote Kolonbi.

Gouvènman Kolonbyen an pa fè okenn kòmantè.