Accessibility links

Breaking News

Otorite nan Texas Mete yon Baryè Flotan nan Flèv Rio Grande pou Anpeche Migran Antre


TOPSHOT - Migrants walk by a string of buoys placed on the water along the Rio Grande border with Mexico in Eagle Pass, Texas, on July 16, 2023.
TOPSHOT - Migrants walk by a string of buoys placed on the water along the Rio Grande border with Mexico in Eagle Pass, Texas, on July 16, 2023.

AUSTIN, Texas (AP) — Lide pou mete yon baryè flotan nan flèv Rio Grande nan Texas la se yon mezi ki nouvo, men yon ansyen otorite administrasyon Trump la di lide a te la deja.

Mark Morgan ki te komisè Pwovizwa Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè an 2020 di ke li te apwouve lè li te an fonksyon pou mete menm baryè sa yo sou dlo Rio Grande a.

Morgan di ke li te rele sa "Miray Dlo », men yo pat janmm rive enstale miray sa yo apre Prezidan Joe Biden te monte sou pouvwa a.

Gouvènè Repibliken Texas la Greg Abbott fè lide a tounen aksyon mwa sa a.

Depatman Jistis mande yon tribinal federal pou l bay Texas lòd retire baryè sa yo poutèt, dapre administrasyon an, baryè sa yo bay enkyetid imanitè epi poze danje pou anviwonman an sou fwontyè ant 2 nasyon yo.

XS
SM
MD
LG