Messi te patisipe nan premye seyans fòmasyon ak nouvo koekipye Inter Miami li yo

MLS Miami Messi Training Messi

Jwè Ajantin an Lionel Messi te patisipe nan premye sesyon fòmasyon li ak nouvo ekip Inter Miami madi 18 jiyè a apre li te siyen pou klèb Major League Soccer a sou yon kontra kote li gen pou al bay ekip la sèvis li jiska 2025.

Jwè Ajantin an ki gen 36 an, te ranpòte Ballon d'Or a 7 fwa te patisipe nan aktivite fizik tankou echofman ak pas kout.

Yo espere ke Messi ap jwe premye match li vandredi 21 jiyè a fas ak ekip Cruz Azul la.

Chanpyon di mond la ki vin nan Inter Miami a se yon gwo bagay li ye pou foutbòl la Ozetazini kote espò sila pa gen ase popilarite dèyè menm jan sa ye nan lòt peyi Nò Ameriken yo.