Gad Kòt Etazini Pral Dirije Ankèt sou Titan an ak Asistans Kanada, La Frans, epi Angletè

Foto sa a ke konpayi OceanGate Expeditions pataje ak lapres montre soumaren Titan an.

Gad Kòt Etazini fè konnen Dimanch lap dirije ankèt sou aksidan ti soumaren Titan an, ki tap transpòte 5 moun nan zòn kote bato Titanic la chita nan fon lanmè a. Anketè yo ap chache konnen kisa ki koze eksplozyon ki detwi soumaren an.

Kapitèn Jason Neubauer, ki ap jere ankèt la di operasyon sovtaj yo ap kontinye e ke yo gen yon kat zòn kote aksidan an rive a.

Li pa di konbyen tan ankèt la pral dire. Neubauer di Komisyon Ankèt Merin nan kap sipèvize ankèt sa a reprezante ankèt pi wo nivo Gad Kòt la fè.

Anketè yo ap travay ansanm ak otorite nasyonal ak entènasyonal sou ankèt sa a.