Accessibility links

Breaking News

Sekouris yo Prese pou Jwenn yon Soumaren ki Disparèt nan Oseyan Atlantik


Foto Achiv: Soumaren Titan an.
Foto Achiv: Soumaren Titan an.

Sekouris yo nan yon zon elwaye nan Oseyan Atlantik la kouri vit prese pou jwenn yon soumaren kap transpòte 5 moun nan kad yon misyon pou fè rechèch sou bato Titanic la.

Soumaren an ki rele Titan, fè pati yon misyon ke OceanGate Expeditions òganize. Li gen abò li yon pilòt, yon avantirye Britanik renome, 2 manm yon fanmi komèsyal ikonik Pakistanè ak yon ekspè sou Titanik la.

Otorite yo rapòte soumaren an te sipoze rive Dimanch swa nan yon zòn ki sitye ak yon distans 700 kilomèt ak Sen Johns, Newfoundland.

Chak minit ki pase mete ekipaj Titan an nan pi gwo risk.

Soumaren an te gen ase oksijèn pou dire 96 hè lè li te pran lanmè a 6 zè di maten Dimanch. Savledi oksijèn nan pral fini ve 6 zè di maten Jedi.

XS
SM
MD
LG