Lachin Di Akizasyon Etazini Dèske li Gen Stasyon Polis Ozetazini 'San Fondman'

Foto Achiv: Potpawol Ministe Afe Etranje Chinwa a, Wang Wenbin pandan yon konferans pou lapres nan Peken, 13 Fevriye, 2023.

Lachin demanti tout akizasyon ki di kòm kwa li gen yon prezans polisye lòt bò dlo. Peken deklare akizasyon Etazini an "san fondman" apre otorite Ameriken yo arete 2 mesye nan Nouyòk poutèt yo te tabli yon stasyon polis sekrè.

Yon pòt pawòl Ministè Afè Etranje Lachin deklare Madi akizasyon an "pa santre sou oken fè e ke yon stasyon polis lòt bò dlo se yon bagay ki pa egziste."

Pandan ane ki sot pase yo, Peken lanse 2 kanpay separe pou mennen sispèk ke yap chache pou krim ekonomik nan Lachin tounen nan peyi a. Jefò sa a fè pati yon kanpay anti-koripsyon.

Dapre responsab Ameriken yo, stasyon Nouyòk la te jwe plizyè wòl pami yo - jwenn disidan Chinwa kap viv Ozetazini.