Kèk Evènman Ki te Make Semèn Nan

US-POLITICS-TRUMP-INDICTMENT

Arestasyon Donald Trump Nan New York

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump plede non koupab Madi devan yon tribinal eta New York nan Manhattan fas ak 34 akizasyon ki gen rapò ak $130,000 li te peye aktris film porno Stormy Daniels anba tab pou silans li nan epok kote Trump t ap mennen kanpay pou prezidan an 2016. Trump te swadizan gen yon relasyon seksyel ak mamzèl 10 zan anvan sa.

SEE ALSO: Trump Plede Non-Koupab a 34 Akizasyon ki Lye ak Lajan Li Peye Anba Tab an Echanj pou Silans yon Dam

Vizit Ajan FBI Kay Ansyen Prezidan Jovenel

Ajan FBI ansanm ak jij enstriksyon Walter Wessel te al vizite kay defen prezidan Jovenel Moïse

Your browser doesn’t support HTML5

Ajan FBI Vizite Kay Ansyen Prezidan Jovenel Moïse

Vizit Macron An Chin

Prezidan fransè Emmanuel Macron te ateri nan Peken Mèkredi pou yon vizit deta 3 jou nan peyi Lachin, dapre sa Palè Elysée a di, e se premye vwayaj prezidan an nan peyi LaChin depi 2019.

Your browser doesn’t support HTML5

Macron Mande Xi 'Ede Larisi Rejwenn Bon Sans li'

Depatman Trezò Etazini Sanksyone Ansyen-Prezidan Chanm Depite Ayisyen Gary Bodeau.

Depatman Trezò Etazini Sanksyone Ansyen-Prezidan Chanm Depite Ayisyen Gary Bodeau.

Biwo Depatman Trezò a ki Kontwole Byen Etranje (OFAC) te fè konnen nan yon nòt pou laprès Mekredi lap pran sanksyon kont Bodeau poutèt li mele jis nan kou nan kòripsyon nan peyi dAyiti.

SEE ALSO: Depatman Trezò Etazini Pran Sanksyon Kont Ansyen Prezidan Chanm Depite Ayisyen Gary Bodeau