Accessibility links

Breaking News

Depatman Trezò Etazini Pran Sanksyon Kont Ansyen Prezidan Chanm Depite Ayisyen Gary Bodeau


LATAM-POLITICS/TODAY
LATAM-POLITICS/TODAY

Depatman Trezò Etazini Sanksyone Ansyen-Prezidan Chanm Depite Ayisyen Gary Bodeau.

Biwo Depatman Trezò a ki Kontwole Byen Etranje (OFAC fè konnen nan yon nòt pou laprès Mekredi lap pran sanksyon kont Bodeau poutèt li mele jis nan kou nan koripsyon nan peyi dAyiti.

Etazini ap enpoze sanksyon kont Bodeau nan kad Akò Global Magnitsky Dwa Moun nan, ki sible moun ki komèt abi dwa moun grav e ki mele nan koripsyon toupatou nan mond lan.

Nòt pou laprès Depatman Trezò presize: "Responsab kowonpi tankou Bodeau kreye yon anvironman ki bay gang ame ilegal yo ak moun ki apiye yo plis pouvwa pou yo komèt zak vyolans kont pèp Ayisyen an.

Sekretè Trezò pou Teorism ak Ranseyman Finansye Brian E. Nelson ajoute: "Ansanm ak patne nou yo, pami yo Kanada, nou pran angajman pou egzije moun kap minnen entegrite gouvènman Ayisyen an epi destabilize peyi a, pran responsabilite yo.

Mezi sa a vini apre sanksyon Depatman Trezò te anonse nan mwa Desanm nan kont 2 lòt politisyen Ayisyen: Rony Celestin ak Richard Fourcand.

Li te sanksyone mesye sa yo pou abi pouvwa an koneksyon ak trafik dwòg nan rejyon an.

Kanada sanksyone Bodeau tou pou patisipasyon l nan finansman ak pwoliferasyon gang yo an Ayiti.

Bodeau te kondane sanksyon sa yo epi demanti li janm patisipe nan aktivite konsa.

Ansyen palmantè a te di jounal Le Nouvelliste ke li toujou apiye jefò gwoup non-vyolan an Ayiti kap travay pou amelyore sityasyon peyi a.

Kòm rezilta sanksyon sa yo Etazini pran kontwòl tout pwopriyete ak enterè Bodeau te posede Ozetazini.

Li entèdi sitwayen Ameriken patisipe nan okenn tranzaksyon finansye ak Bodeau, epi bloke byen pataje ke sitwayen ameriken genyen ak misye.


Etazini di prensipal objektif sanksyon sa yo se pa pinisyon men pito ankouraje responsab yo chanje konpòtman yo pou le byen.

XS
SM
MD
LG