Seleksyon Nasyonal Foutbòl Feminen Ayiti Kalifye Pou Mondyal 2023 a

  • Jean Robert Phillipe

New Zealand WCup Chile Haiti

Seleksyon nasyonal foutbòl feminen ayisyen an kalifye pou Mondyal Nouvèl Zeland-Ostrali a apre viktwa l 2-1 li ranpòte sou peyi Chili nan final tounwa baraj la.

Melchie Dumornay make 2 gòl ki pèmèt grenadyè yo jwenn biyè kalifikasyon yo . Nerilia Mondésir rate yon penalite. Se 2èm fwa ekip foutbòl feminen Ayiti kalifye pou yon faz final yon Mondyal .

Ayiti Kalifye Pou Mondyal Foutbòl Feminen an

Ayiti ak Jamayik ap reprezante rejyon Karayib la nan konpetisyon an k ap dewoule ak 32 ekip ann Ostrali ak Nouvèl Zeland soti 20 jiyè pou rive 20 Out 2023. Ayiti ap jwe nan Gwoup D a ki gen ladann : Angletè, Danmak ak Lachin.