Mawòk avanse nan faz eliminatwa Mondyal Foutbòl Qatar la pou sèlman dezyèm fwa apre li ranpòte la viktwa 2-1 sou Kanada.
Sèl lòt fwa Mawòk te avanse konsa sete an 1986.
Jwe Mawoken yo selebre viktwa yo nan Gwoup F la sou Kanada, 1 Desanm, 2022.
Hakim Ziyech make yon gòl nan 4èm minit la apre yon erè gadyen Kanadyen an, Milan Borjan te fè kote li pat pwoteje filè a.
Youssef En-Nesyri make dezyèm gòl la pou seleksyon nasyonal Mawòk la.
Kanada te make yon gòl gras ak Nayef Aguerd, men li pran kannè apre li pèdi tou le 3 match li yo.