Etid la di malgre derègleman klimtik ki deja ann aplikasyon an gen patikil fen ki responsab pou tip kansè ki atake vwa respiratwa yo.
Yo di patikil sa yo prezan nan gaz d'echapman, pousyè fren machin, oubyen lafimen konbustib fosil yo. Se poutèt sa yo dekri patikil fen sa yo tankou tiyè kache.
Charles Swanton, ki travay pou Enstiti Francis-Crick ki te pran chaj pou'l ekspoze rechèch sa a di yo pral prezante rezilta rechèch yo fè a nan kongrè anyèl Sosyete Ewopeyèn Onkoloji Medikal la ki pral dewoule nan vil Paris, 13 Septanm.
Polisyon nan lè a reprezante yon sousi pou savan yo depi lontan. Men se kounyea sèlman ke yo vinn konprann ke li ka koze kansè tou.
Chèchè yo ekslore done plis pase 460 mil abitan nan peyi Angletè, Kore di Sid ak Taiwan. Yo jwenn ekspozisyon yo a patikil fen sa yo te lye ak to kansè poumon an.
Sa ki pi enpotan nan etid sa a se ke poluan sa yo kapab koze kansè nan poumoun moun ki pa fimen.
Eske sik manstruyèl afekte atlèt fanm yo?
Prezidan Oganizasyon Atletism Mondyal la, Sebastian Coe chante lwanj komantè atlèt feminen yo fè pou kestyone mank rechèch sou efè sik manstruyèl la genyen sou pèfomans.
Coe di AFP pandan yon entèvyou nan vil Zurik nan la Swis kote final Lig Dyaman an ap dewoule ke lap egzaminen teren an pou wè ki kalite rechèch ki disponib.
Li di li mande ekip sante ak la syans oganizasyon an ba li enfomasyon sou sa ki egziste ak sa ki pa egziste. Li ajoute ke si gen enfomasyon ki disponib ke yo pa rive jwenn savledi yo pa vreman konprann otan ke yo ta kapab pa rapo ak sijè sa a.
Li di si yo ka konprann sityasyon an pi byen, yo ka pran mezi apwopriye.
Kestyon an te vinn soulve mwa pase a pandan chanpyona Ewopeyen yo nan Munich an Almay, lè yon kourèz Britanik ki rele Dina Asher-Smith te lanse apèl pou yo fè plis rechèch apre sik manstruyèl li te lakoz li te soufri ak kranp nan janm li pandan final 100 mèt la.
Kourèz la deklare se yon gwo sijè diskisyon pou medam yo e ke si se mesye yo ki te gen pwoblèm sa a, "nou tap gen yon milyon fason diferan pou konbat bagay sa yo."
Doktè admèt yo pa byen diyagnostike migrèn pami timoun
Maiwenn Colleaux te gen 14 zan le li te komanse soufri ak migren e yo te vire lavi li lanvè tou swit.
Li di lè li te gen migrèn, li patka soti, vi sosysal li te rete. Li patka ale lekol.
Istwa li sanble istwa anpil lot moun. Migrèn afekte 5 a 15 pousan timoun, dapre rechèch entènasyonal ki fèt, men kondisyon kwonik la konn swa iyore konplètman oubyen yo pa byen diyagnostike li.
Anne Donnet, yon neurolog nan lopital Inivèsite Marseille nan la Frans di migrèn timoun yo se yon bagay yo pa konprann byen e yo prèske pa janm diskite nan mond medikal la.
Pou granmoun, migrèn afekte youn sou 5 fanm epi youn sou 15 gason.
Men pou timoun li afekte otan tigason ke tifi anvan laj pibète.
Pa fwa migrèn yo konn afekte fi yo pi souvan apre premye fwa yo gen règ yo.
Sepandan sentom sa yo kon diyagnostike tankou pwoblèm dijestyon. Donnet di youn nan rezon ki konplike bagay yo se ke sentom timoun yo diferan ak sentom granmoun yo.
Gen 40% ka ki koze noze ak vyomisman tandiske 33 pousan bay doulè nan vant.
Justine Avez-Couturier, yon neuwolog timoun nan Lopital Inivèsite Lille nan peyi La France di yo paka anpeche moun gen migrèn men yo kapab redwi frekans yo epi entansite.
Li souliyen ke yon stil lavi sen, kote moun manje byen, domi ase epi fè aktivite fizik enpotan - sitou pou timoun ak adolesan ki soufri ak migrèn yo.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AFP